La loi de ma bouche #AyitiNouVleA Profile picture
Par une Haïtienne du pays (et ses traducteurs/rices)
Aug 22, 2018 74 tweets 39 min read
#PetrocaribeChallenge #Haiti

An desanm 2014, ansyen PM Lamothe prezante n yon bèl dokiman sou transfòmasyon Ayiti.

Travay grafik la bèl, li swa, li byen prezante men reyalite a pa t gen chans sa.

Lajan #PetroCaribe a depanse men nou toujou rete trè lwen #AyitiNouVleA. Rapò a kouvri 31 mwa, sòti 2011 rove 2014. Li pale de yon Ayiti ki refèt, ki transfòme. Ann gade ansanm a ki pwen epi ki kote transfòmasyon sa ye.